Premye Okazyon | 19 Octobre 2022
Présentation : Dieuseul GUERRIER, Pierre Renel RENÉ (PRR), Lydie ALEXANDRE & Johnny FERDINAND.
Météo avec Chrisnette SAINT-GEORGES.
Kijan Potoprens leve maten an? avec Mackenson RÉMY (4*4).
Ti koze nan Panyòl avec Joseph Alexander GALVEZ.
Les titres
1.- 2 jou apre lanmo atis Michael Benjamin, kadav li toujou sou kontwol lajistis fransez pou otopsi.
Antretan, atis yo tou patou kontinye ap voye mesaj senpati bay fanmi ak pwoch li yo, menm si poko okenn dat ofisyel pou fineray Michael Benjamin, yo konsidere kom yon lejand ki pandan 20 lane tap bay plezi epi chante ayiti.
Dives atis tankou Joseph Zenny Junior, (ti djo zenny) prezante Mikaben tankou yon sitwayen angaje kite renmen peyi li.
2.- Nan yon mesaj fanmi Michael Benjamin rann piblik, 18 oktob 2022 a, yo deklare fanmi an pap oganize okenn leve fon, apre disparisyon Mikaben ki viktim yon are kadyak.
Fanmi an ki remesye tout popilasyon an pou sipo yo, presize tout enfomasyon konsenan fineray Mikaben ap difize sou kont atis la ak madanm li Vanessa Fanfan.
4.- Komin kwadebouke toujou rete anba kontwol gwoup neg ak zam yo ki kontinye ap teworize popilasyon an – Li difisil pou konnen kantite moun ki mouri chak jou nan komin kwadebouke.
Batay ant gang 400 mawozo ak Vithelom lakoz anviwon 7 moun ta mouri lannwit lendi pou louvri madi a, nan zon vilaj atistik nway. Se dezyem atak kont zon sa nan espas 2 semen, dapre kek abitan ki mande sekou lapolis nasyonal dayiti.
5.- Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo deplore asasina Komisè Prensipal Bact Evangelot, rèsponsab jiridiksyon Kwadèboukè byen bonè madi 18 oktòb la. Sa fè yon 45 polisye ki mouri asasinen soti mwa janvye pou rive 18 oktòb 2022 a, dapre kòdonatè SYNAPOHA a, Lionel Lazarre.
Polisye sendikalis la di li espere wo kòmandman PNH la pran dispozisyon ki nesesè pou kontrekare zak bandi ak zam yo. Misye Lazarre pwofite mande ajan yo pou yo pi vijilan pandan li voye senpati li bay fanmi polisye ki tonbe a.
6.- Apre Plis pase dezèdtan konsey sekirite l’ONU an pat rive soti ak yon rezolisyon pou voye fos onizyenn yo nan peyi dayiti pou vin ede gouvenman an rezoud pwoblem ensekirite a.
La Russie ak la Chine gen rezèv sou demach sa a akoz karakte ilejitim gouvenman Ariel la ak popilasyon ayisyenn lan ki gen move souvni dènye misyon kas ble yo anndan peyi a.
Men pandan tan sa gang yo pa chôme, yo kontinye ap mete dlo nan je popilasyon an.
7.- Kòdonatè pati Inyon Nasyonal pou Entegrite ak Rekonsilyasyon (UNIR), Clarens Renois, di li gen anpil enkyetid pou deteryorasyon imaj Ayiti atravè mond lan, akoz politisyen ayisyen ki pa mete tèt yo ansanm pou rezoud pwoblèm peyi a.
Lidè pati UNIR a, ki t ap reyaji sou reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an nan dat 17 oktòb la ki ranvwaye san dat, deklare avèk oubyen san Nasyonzini ap gen yon entèvansyon etranje an Ayiti.
Pou Misye Renois, peyi a riske soti nan yon entèvansyon imanitè pou pase nan yon entèvansyon militè sou baz Chapit 7 chat Nasyonzini an.
8.- Ansyen senatè Moïse Jean Charles anonse li pral depoze yon plent kont tout polisye ki te nan bakòp devan anbasad peyi etazini yo 17 oktob pase a, pou tantativ asasina apre menm jan ak manifestan yo li te resevwa anpil gaz lakrimojen kite anpeche li respire.
Ansyen palmantè a ki fè konnen li manke pèdi lavil fè konnen li pap pran nan entimidasyon gouvenman defakto a. Ansyen magistra Milo a te pwofite remesye popilasyon nan zòn metwopolitèn nan ki te pran lari pou mande demisyon premye minis Ariel Henry.
Productions : Jean-Claude DOLCÉ.
Coordination : Peterson LUXAMA.
Rédaction : Dieuseul GUERRIER.
Réalisation & mise en ligne : Mysuel THIMOTÉE.