En Direct | Premye Okazyon | 22 Octobre 2021

Premye Okazyon | 22 Octobre 2021
Présentation : Roberde CÉLINÉ (Bob C.), Dieuseul GUERRIER & Pierre-Renel RENÉ (PRR).
Météo avec Chrisnette SAINT-GEORGES.
Kijan Potoprens leve maten an? avec Mackenson RÉMY (4*4).

Les titres
1- Demisyon direktè jeneral a.i polis nasyonal la-a, Léon CHARLES, jedi 21 oktòb 2021 an. Se komisè Frantz ELBE ki ranplasel kòm nouvo chèf enstitisyon polisyè-a.
Nap raple se pou yon 2èm fwa, Léon CHARLES kite tèt polis la-a, nan yon kontèks kote femomèn ensekirite ak zak kidnaping ap vale teren nan kat kwen peyi-a, kote pèsonn pa epanye.

2- Demisyon Léon CHARLES riske pa pote okenn solisyon ak pwoblèm enstitisyon polisyè-a ap fè fas, sa ki lakoz fenomèn ensekirite ak zak kidnaping yo kontinye ap vale teren andan peyi-a, si pa genyen otoritye politik yo pa pwoteje lapolis, nan kitel li pou fè travay li kòm sa dwa. » Se reyaksyon direktè egzekitif kap defann dwa moun yo, Pierre ESPERANCE, pa rapò ak desizyon ansyen chèf polis la-a.
Sou bò pal, Antonal MORTIME ki kwè Léon CHARLES te dwe remèt demisyonl, anvan menm sitiyasyon te rive nan eta li ye jounen jodi-a, dil pa espere pral genyen amelyorasyon nan batay kont ensekirite, kidnaping nan peyi-a, si pa genyen yon plan ki etabli nan pi wo nivo leta.

3- Zòn metwpolitèn pòtoprens la-a leve maten an anba gwo tansyon. Barikad, kawoutchou kap boule, wòch ap tire sou tout machin kap tante pase, se yon sitiyasyon ki kenbe vil la-a paralize matin 21 oktòb 2021 an. Pwotestatè yo, kote anpil nan yo se chofè taksi motosilèt, deside bloke dèlma, boudon, kanapevè, lalu, site solèy, wout nèf, channmas ak tomasen, pou egzije gaz nan ponp yo.

4- Nan kèk estasyon gaz ki deside bay pwodui sa-a pakonngout, se toujou gwo anbouteyaj kote menm gaz dizèl la pa two fasil.
Chofè ak propryetè machin bouke denonse iresponsabilite otorite anplas yo fas ak sityasyon sa-a, ki lakoz yon bann chofè transpò monte pri kous machin yo. Nap gen pou rejwenn Jean Georges BLAISE nan yon repòtaj.

5- Kreyasyon, dènye jou sa yo, yon nouvo estrikti pou batay kont Kidnaping ki pote non « Kwazad Oganizasyon Ayisyen Kont Kidnaping ak Vyolans ».
Nouvo gwoupman sa-a ki genyen ladann plis pase yon dizèn òganizasyon nan sosyete sivil la-a, gen kòm objektif, fòse otorite yo pran bon jan mezi pou rive konbat flewo sa-a ki pa sispann fè viktim. Estrikti sa-a genyen ladann, plis pase yon dizèn òganizasyon nan sosyete sivil la, pami yo, Rezo Nasyonal kap Defann Dwa Moun yo (RNDDH).

6- Batay kont fenomèn ensekirite ak zak kidnaping yo andan peyi-a. Biwo Avoka Entènasyonal yo (BAI) pote sipòtl bay sektè sendikal la-a nan kad mouvan sa-a, dapre mèt Mario JOSEPH ki estime sitiyasyon an rive nan dènye bout. Toutfwa-a, responsab BAI a, mande inisyatè mouvman yo mete tèt Ansanm epi mete yo dakò sou estrateji batay la-a, pou evite politisyen rat do kale vin akapare mouvman nan men yo.

7- Repiblik dominikèn, Costa Rica ak Panama fè pwopozisyon bay entènasyonal la-a, pou rezoud kriz peyi-a ap konnen depi kèk tan. Prezidan 3 peyi sa yo reyini nan kad « Alyans pou Devlòpman nan Demokrasi » nan vil Panama, pwopoze pou ta genyen yon solisyon ki jwenn pou rive dezame Gang yo nan peyi-a, kreye anplwa epi rekipere basen vèsan yo.

8- Plis pase yon mwa apre li fin siyen, akò politik Ariel HENRY, toujou pako aplike. Divès òganizasyon ak pati politik ki te siyen dokiman sa kontinye eksprime preyokipasyon yo, epi lanse yon pinga bay premye minis defakto-a, kont tout lide pou ta vyole kèk kloz nan akò sa-a.
Apre sektè demokratik ak popilè-a ki te lanse yon iltimatòm bay patwon primati-a, se tou pa MTVAyiti ki mande doktè-a aplike kòm sa dwa, akò pou yon gouvènans apeze ak efikas la-a.

9- Plizyè òganizasyon nan nò ak nòdès tankou Vizyon Sosyal pou Devlòpman Ayiti (VIZODA) ak FAnm ann Aksyon pou Devlòpman Sosyal (FASO) rele anmwey.
Yo egzije pou peyi-a gen nan tèt li yon prezidan pwovizwa ak yon gouvènman ki gen ren ak kolòn vètebwal solid pou rétabli lòd ak sekirite epi remete popilasyon an an konfyans.

Rédaction : Ganito FRANCOIS.
Réalisation & mise en ligne : Mysuel THIMOTÉE.

Quitter la version mobile