En Direct | Premye Okazyon | 25 Mai 2022

Premye Okazyon | 25 Mai 2022
Présentation : Roberde CÉLINÉ (Bob C.), Dieuseul GUERRIER & Pierre-Renel RENÉ (PRR).
Météo avec Chrisnette SAINT-GEORGES.
Kijan Potoprens leve maten an? avec Mackenson RÉMY (4*4).

Les titres
1.- Ensekirite- Bandi ak zam kitap sikile abo moto siklet atake epi touye ak 7 bal Kerby Normil, ki soti nan 4em pwomosyon jenn solda ki tal pran fomasyon nan peyi ekwate yo –
Zak sa pase nan zon ru joseph janvier aye madi a nan moman viktim nan kite akonpaye ak 2 lot moun te sot fe yon tranzaksyon labank.
Denye enfomasyon yo fe kwe yon fre viktim nan kite blese ak bal nan moman ensidan ta mouri li menm tou sou kabann lopital.

2.- Nan vil okay bandi sou 2 moto siklet asasinen ak plizye bal jenn enjenye Jean Mary Sylvestre apre li sot fe pran Selman 500 dola ameriken andedan yon bank komesyal.
Ensidan sa pase nan premye gran ri ,sant vil okay aye madi a –
Yon medsen kite nan menm espas la resevwa yon bal nan pye . Pou kounya poko gen okenn arestasyon nan kad dosye sa-

3.- Nan komin kwadebouke lapolis nasyonal dayiti anonse li rekipere nan zon belanton yon otobus bandi te detounen nan zon meyer, byen bone aye madi a.
Patwouy polisye yo rive libere 27 elev lekol pami yo 14 fiyet bandi te anlve abo otobus sa ,dapre PNH la.

4.- Minis ekonomi ak finans la mande Kad administrasyon jeneral dwann ak ajan dwanye yo pou reprann travay apre yon jounen kote aktivite yo te paralize.
Minis finans la ,Michel Patrick BOISVERT kite vizite lokal aye apremidi otorize bato ki déjà sou plas yo pou debake epi pou kontwol woutin yo rekomanse.
Se imaj peyi a nan sa ki gen pou we ak komes entenasyonal ,dapre minis finans la ki eskplike si aktivite yo bloke sa ap gen gwo konsekans nan tout nivo sou mache lokal la.

5.- Mande restitisyon ak reparasyon lajan Lafrans te fè Ayiti peye pou rekonèt endepandans li, se youn nan rezon prensipal ki fè ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide te pèdi pouvwa nan lane 2004.”
Se sa ki soti nan ankèt jounal Ameriken New York Times reyalize sou kesyon dèt enpandans lan ki gen gwo enpak sou ekonomi peyi a jiskaprezan.
Divès diplomat, Minis ak lòt ekspè ki pale ak jounalis anketè yo, admèt kesyon restitisyon an, e yo di se peyi Lafrans menm nan tèt kole ak Etazini ki te jete Aristide, ke yo te konsidere kòm yon eleman ki te jennen yo.

6.- Fok nou di Prèske 20 lane aprè li te pwononse diskou sa a, lidè karismatik pati Fanmi Lavalas la ki pale nan ankèt la deklare : “deba li te lanse nan lane 2003 a se te yon etap. Batay la poko fini”.
“Li mande reparasyon, yo ba li egzil”, se tit dezyèm pati ankèt jounalis New York Times yo, Korespondan pèmanan nou Ozetazini Luckson SAINT-VIL ap gen pou prezante nou jodi a, nan kad yon seri repòtaj.

7.- Efektivman 7 avril 2003 jean Bertrand Aristide nan yon diskou sikonstansyel li te fe nan panteyon nasyonal pou komemore memwa Toussaint Louverture ,te pwofite mande ak peyi lafrans pou peye ayiti det endepandans lan.
Nan moman li tap fe diskou sa plizye pesonalite piblik te prezan ak kek reprezantan diplomatik ladan yo anbasade franse nan epok la.
Ansyen chef leta a evalye nan epok la jiska 21 milya dola vet kita dwe remet ak ayiti apre ansyen metwopol la te fin egzijel peye det endepandans la ki te koute 150 milyon fan soti lane 1825 pou rive 1838.
Yon dosye ak Jause Varin nan jounal la.

8.- Ansyen anbasade ameriken an,James B. Foley ,demanti pawol ki fe kwe USA te patisipe nan voye prezidan Aristide ale.
Nan yon teks opinion li pibliye nan Miami Herald ,diplomat la di USA te vle prezidan fe manda li ,se lafrans ki pat dako . James B.Foley kite jwe wol anbasade ameriken nan potoprens nan lane 2003-2005 fe konnen avyon yo te bay la ,se te pou sekirite Aristide.

9.- Lot reyaksyon apre denye atik jounal ameriken new york Times sou det endepandans lafrans te enpoze peyi a. Istoryen Georges Michel deklare enfomasyon sa yo gen yon entere istorik.
Sepandan ,istoryen ayisyen an raple yon atik konsa te dwe pibliye 142 lane anvan sa a ,nan peryod rey Lysius Salomon ,kote dapre sa li fe konnen ,ansyen metwopol franse a tap egzije jen nasyon endepandan an, AYITI,pou repare ansyen kolon esklavajis yo.

10.- Soti 16 pou rive 23 me 2022 otorite migrasyon Peyi sen Domeng yo depòte 1113 ayisyen .Gen nan Konpatriyòt sa yo ki gen papye legal yo depòte ,daprè sa Gwoup k’ap apiye rapatriye ak refijye yo fe konnen.
Travayè ,Fanm ansent pèson nan kategori sa yo pa epagne daprè responsab kominikasyon GARR.
Mike Lysias repwoche otorite Dominiken yo ki daprè li pa respekte lwa lwa sou depotasyon ki siyen ant 2 peyi yo.

Rédaction : Dieuseul GUERRIER.
Réalisation et mise en ligne : Mysuel THIMOTEE.

Quitter la version mobile