Premye Okazyon | 27 Octobre 2021
Présentation : Roberde CÉLINÉ (Bob C.), Dieuseul GUERRIER & Pierre-Renel RENÉ (PRR).
Météo avec Chrisnette SAINT-GEORGES.
Kijan Potoprens leve maten an? avec Mackenson RÉMY (4*4).
Les titres
1.-Etazini pral depwaye an ayiti,yon kantite ajan espesyalize kap gen pou vin libere 17 misyone yo .
Nan yon konferans li bay aye madi a,konseye sekirite nasyonal etazini an,di tout opsyon yo sou tab la.
Jake Sullivan fe konnen prezidan Joe Biden enterese anpil ak dosye sa ,e li swete sitwayen ameriken sa yo rantre lakay yo san anyen pa rive yo.
Nap gen plis detay ak korespondan nou ozetazini ,Luckson St vil .
2.- Jounen mekredi a se 3 zyem epi denye jounen grev sekte sendikal la te lanse nan tout peyi a- Tout aktivite yo te paralize nan zòn metwopolitèn nan, menm jan ak divès vil pwovens .
Nap raple, grèv sa se yon inisyativ plizyè sendika transpò lanse pou kontinye denonse fenomèn ensekirite-a zak kidnapping yo, epi reklame gaz nan ponp yo.
Pandan 2 jounen yo , transpò an komen an , lekòl, bank, kòmès ak tout lòt aktivite yo nan administrasyon piblik la-a te rete paralize.
3.- « Se pa posib pou leta di genyen gaz epi pou bandi ak zam kontinye ap anpeche gaz la distribye nan ponp yo. » Gwoup sendika kite lanse 3 jounen grèv la kritike yon lòt fwa, konpòtman iresponsab leta sa-a, yo di ki pa genyen òkenn kapasite pou antisipe sou kriz yo.
Responsab «Fòs Sendikal pou Sove Ayiti» (FOSSA), Jacques Anderson DESROCHES, ki kwè sitiyasyon sa rive nan yon moman popilasyon an paka kenbe ankò, renouvle angajman sektè sendikal la-a pou kontinye batay pou fòse otorite yo pran responsabilite yo.
4.- Kriz gaz depi kèk jou nan peyi-a. Yon franj nan kominote antènasyonal la-a, se pral responsab yon evantyèl katastwòf imanitè nan peyi-a, dapre Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC).
Pou responsab OPC a, agravasyon klima ensekirite ak zak kidnaping yo nan peyi-a, se rezilta soutyen avèk kominote entènasyonal la-a ak gouvènman Ariel HENRY a.
5.- Rate gaz la kap rapouswiv sou mache lokal la-a, kòmanse genyen konsekans grav sou sektè sanitè-a nan peyi-a. Nan gran sud la-a, majorite lopital yo paka jwenn oksijèn akoz inite pwodiksyon oksijèn Nip la-a kip a fonksyone paske y opa gaz, dapre direktè depatmantal nip sante piblik la-a, doktè Jacques LAROCHE .
Inite Pwodiksyon Oksijèn Nip la-a, ki twouvel nan Paillant ki pa fonksyone pou kounya akoz pwoblèm gaz la-a, nan tan nòmal, se li menm ki founi oksijèn regilyèman ak Lopital Sainte-Thérèse Miragoâne, lopital St Boniface ki nan Fond-des-blancs, lopital nan Grandans ,Sud ak tigwav .
Fas ak pwoblèm sa-a ki riske genyen gwo enpak sou sektè sanitè-a nan grand sud peyi a , direktè depatmantal nip sante piblik la-a, doktè Jacques LAROCHE lanse yon apèl ak solidarite pou pèmèt li jwenn gaz pou fè sistèm nan fonksyone.
6.- « Chòk ekonomik ki vini apati rate gaz la ki deja dire kèk jou nan peyi-a, se yon chòk ki vin agrave pi plis, sitiyasyon ekonomik peyi-a ki te deja sou lagraba. » Nou tap site ekonomis Enomy GERMAIN.
Pou ekonomis la-a, pwodwi petwolye yo reprezante yon eleman enpòtan nan fonksyònman ekonomi peyi-a.
Sitiyasyon sa riske plonje fanmi yo nan nan povrete ekstrèm, ensekirite ekonomik ak alimantè, epi kapab genyen gwo konsekans sou enflasyon, finans piblik ak kwasans ekonomik la-a,dapre ekonomis la.
7.- Plis pase 2 lane depi etidyan diplome lekòl nòmal yo fin fè estaj, malgre sa yo poko janm ka entegre sistèm nan, alòske akò ki siyen ant ministè edikasyon ak lekòl nòmal siperyè yo fè egzijans pou yo te nome touswit apre seyans estaj yo.
Yon sitityasyon ki kreye gwo fwistrasyon lakay pwofesyonèl edikasyon sa yo ki kritike iresponsabilite otorite yo nan ministè edikasyon nasyonal .
Se nan sans sa-a, Jean Ronald OLYCÉ mande minis edikasyon an pran dispozisyon pou pèmèt yo entegre sistèm nan kòm sa dwa-a, jan diferan akò ki siyen yo mande sa .
8.- Yo anpil kantite moun kap plenyen pou ajans vwayaj ki pran lajan pou fe yo pati oubyen jwenn viza dominiken,men poutan se manti. Anpil nan moun sa yo, pèdi ni lajan, ni paspò.
Depi mwa jen, yon demwazèl bay yon ajan imigrasyon, kise yon fanm, paspò li ak 350 dola ameriken pou yon viza dominiken, jiskaprezan anyen pa mache. Madanm sa, pou kouwèl lye la, gen manda dèyèl poul remèt lajan sa.
Met Arnel REMY kap defann plenyan yo , raple kabinè lap travay la resevwa anpil plent nan sans sa, e yap pouswiv tout koupab.
Soti mwa Jen, rive mwa oktòb, koman dosye sa tap dewoule, nap gen eleman repons nan yon gran repotaj ak Marc Guerson PHILISTIN
Rédaction : Ganito FRANCOIS.
Réalisation & mise en ligne : Mysuel THIMOTÉE.