Premye Okazyon | 28 Septembre 2021
Présentation : Roberde CÉLINÉ (Bob C.), Dieuseul GUERRIER & Pierre-Renel RENÉ (PRR).
Météo avec Chrisnette SAINT-GEORGES.
Kijan Potoprens leve maten an? avec Mackenson RÉMY (4*4).
Les titres
1.- Fenomèn ensekirite-a sitou ka kidnapping yo ki pa sispann vale tèren dènye jou sa yo nan rejyon metropoliten potoprens la kreye gwo panik ak laperèz kay sitwayen yo nan kapital la. Pa gen okenn moun ki alabri.
Plizyè sitwayen karayib FM pale ak yo fè konnen yap viv ak gwo kè kase ,yo vin pè sikile nan la ri.
Sitwayen sa yo denonse otorite yo ki pa janm poze okenn aksyon pou kwape zak bandi yo ki pa sispann simen dèy epi mete dlo nanje popilasyon an.
Nap gen poun swiv yon repòtaj avèk Peterson LUXAMA nan jounal la-a.
2.-Liberasyon kont ranson apremidi a dokte Jean Herby Lafrance ak fre li Mogene Marc kenley epi Bibiana belizaire ,yon anplwa SNGRS .
Bandi te kidnape yo jedi pase a nan zon tujo . Menm apremidi a bandi yo libere Sebastien Marc Antonio Sainvil .
3.-Reouvèti klas yo atrave peyi a – Koman sitiyasyon an ye pou timoun ki nan zòn matisan, Bas Delmas ak Site Solèy ?
Dapre Sant Analiz ak Rechèch nan zafè dwa moun yo (CARDH), jiska moman nap pale la-a,pot lekòl yo toujou rete fèmen nan zòn sa yo ak zòn ki anviwonnenl yo, ki toujou anba kontwòl nèg ak zam.
Nap rejwenn Johnny FERDINAND nan jounal la-a, nan yon repòtaj.
4.-Premye minis Ariel Henry nan yon arête ki pibliye lendi 27 septanm nan revoke konsey elektoral pwovizwa prezidan Jovenel MOISE te nome nan lane 2020 .
Nan atik premye arête sa,gouvenman deside rapote arête 18 septanm 2020 an kite nome manm konsey elektoral pwovizwa .
5.- An reyaksyon,pot pawol sekte demokratik la,met Andre Michel fe konnen revokasyon konsey electoral sa se yon etap enpotan nan aplikasyon ako 11 septanm 2021 an.
Nap veye pou pwochen KEP a kredib ak lejitim ,dapre Andre Michel ki raple sekirite se youn nan prensipal prewokipasyon popilasyon an jounen Jodi a .
6.- Dwayen tribinal premyè enstans Pòtoprens lan ap tande, demen madi-a, dosye polisye Abelson GROS-NEGRE ak Reynald COURTOIS, nan kad yon odyans an abeyaskòpous.
Mèt Frantz SAINT-JULES ki se manm fowòm sosyete sivil ayisyèn nan kwè dwayen an dwe aplike sa konstitisyon an di nan kad respè libète endividyèl.
Avoka-a mande liberasyon polisye sa yo, li konsidere kòm prizonye politik.
Rédaction : Ganito FRANCOIS
Réalisation & mise en Ligne : Mysuel THIMOTÉE