GRAN TIT || Jounal Kreyol premye okazyon lendi 3 jen 2024
Directors
Stars
1.- 24 è aprè li rive nan peyi a, premye minis nome a, Dr Garry Conille vizite divès zon nan kapital la, yon fason pou konstate nivo dega zak vyolans yo lakoz nan rejyon metwopoliten potoprens la.
Nan yon video kap sikile sou rezo yo,nou kapab non Selman premye minis la ak yon jile pa bal sou li andedan youn nan blende PNH la men tou yon foto kote li akonpaye ak DG lapolis la,Frantz Elbe ak plizye polisye ,youn nan inite espesyalize enstitisyon an .
Dr Garry Conille te gen chans vizite ri des casernes, rue saint honore ,zon lopital jeneral ak espas lise jen fi yo,nan ru capois kote pou pale ak sitwayen kite sou plas yo .
2.- katye Matisan ,3 lane deja depi leta ayisyen pedi kontwol zon sa ki bay akse ak anviwon 4 depatman nan rantre sid kapital peyi a .
Zak kriminel yo kap ogmante chak jou nan rantre sid kapital la depi 1er jen 2021 ,kontinye lakoz anpil moun mouri ak blese ,anba je swadizan otorite yo nan pi wo nivo leta .
3 lane apre batay matisan, gouvenman rete ap konstate ,abandone wout nasyonal nimewo 2 a . Apre matisan, Anpil lot wout tankou wout nasyonal nimewo 1 an,mon kabrit ak malpas twouve yo anba kontwol gang ak zam yo .
3.- Plis pase 216 mil ayisyen fose retounen nan peyi a pou Selman lane 2023,dapre yon rapo oganizasyon entenasyonal pou migrasyon (OIM) pibliye 27 me pase a sou sitiyasyon migran ayisyen yo.
Yo total , 216 mil 677 migran ayisyen ki soti nan dives peyi oblije retounen an ayiti ,dapre OIM .
Depotasyon migran ayisyen yo gen pou we ak peyi tankou repiblik dominiken ki twouve li nan tet lis la ak 208 mil 169 migran depote ,swa 96%. Turken kayikos ,bayamas,v etazini,turki,jamayik ak kiba se kek lot peyi ki depote migran ayisyen pou ane 2023 ,dapre OIM.
4.- Anviwon 15 ton medikaman ak founiti medikal transpote soti peyi panama pou ateri nan ayopo entenasyonal Tousen louveti 30 me pase a , Stephane Dujarric ,pot pawol sekrete jeneral nasyon zini yo,Antonio Guterres .
Medikaman ak materyel medical sa yo vize soutni operasyon enpotan UNICEF ak OMS ap Mennen nan peyi a .
Antretan UNICEF mande kominote entenasyonal la pou ale pi vit ak jefo yo pou pwoteje timoun yo an ayiti ki souvan fose entegre gwoup bandi ak zam yo .
5.- Lapolis nan laskawobas arete Fanel Tagette alyas Vag lavi,yon evade prizon ,lanwit 30 pou louvre 31 me pase a . Direksyon depatmantal polis sant la renouvle angajman pou mete anba kod tout endividi kap cheche twouble lod ak lape piblik .
Antretan DG PNH La,Frantz Elbe akonpaye manm wo komandman rankontre direkte depatmantal diferan jiridiksyon polis la pou non Selman gade ansanm sitiyasyon sekirite depatman yo men tou kominike ak responsab yo enfomasyon nesese konsenan deplwaman fos miltinasyonal la nan jou kap vini yo .
6.- Direkte jeneral ISPAN,Patrick Durandis konfime endividi yo pa rive idantifye vole 2 kanon bwonz , nan sitadel Roi Henry Christophe la, youn nan moniman ki pi enpotan nan patrimwan peyi a .
DG ISPAN ki anonse deja gen anket ki louvri ap gen entevni an direk nan jounal la maten an .
7.- Pale anpil nan mitan konpwomi istorik – Entente Nationale (ENA) anonse ofisyelman li retire ko li nan kowalisyon konjonktirel sa .
Kodonate jeneral ENA,ansyen depite Antoine Rodon Biean-aime pap gen pou patisipe nan okenn inisyativ regwoupman sa jiska nouvel lod .
Desizyon sa vini apre yon odyo ki tap sikile sou rezo sosyo yo ak vwa ansyen depite Antoine Rodon Bien-aime ki sanble ap denonse konseye ak seten dirijan politik kita bouskile prezidan konsey la po upran nan men li pwose vebal kite dwe pibliye nan jounal ofisyel peyi a le moniteur .
8.- Federasyon nasyonal majistra ayisyen yo( FENAMH) di li pran not nominasyon Garry Conille kom premye minis pou dirije tranzisyon an .
Nan yon not yo mete deyo,prezidan FENAMH nan ,jude Edouard Pierre envite Garry Conille pou bay peyi a yon kabine ministeryel dinamik ki kapab fe fas ak ansanm gwo defi peyi a ap fe fas tankou ensekirite,lavi che,reyabilitasyon wout yo,dyalog nasyonal,desantralizasyon ak oganizasyon eleksyon jeneral lib ak demokratik .
Fenamh mande nouvo premye minis la pou entegre kolektivite teritoryal yo nan dyalog nasyonal la epi pemet yo gen yon plas nan konsey nasyonal sekirite a.