Premye Okazyon_06 Mars 2023 | Bandi ak zam kontinye pran an otaj divés katye nan Pòtoprens.
Directors
Stars
Premye Okazyon_06 Mars 2023 | Bandi ak zam kontinye pran an otaj divés katye nan Pòtoprens.
Présentation : Dieuseul GUERRIER, Pierre Renel RENÉ (PRR), Lydie ALEXANDRE & Johnny FERDINAND.
Météo avec Chrisnette SAINT-GEORGES.
Kijan Potoprens leve maten an? avec Mackenson RÉMY (4*4).
Titres
1.- Bandi ak zam kontinye pran an otaj divès katye, nan sant vil Pòtoprens, malgre entèvansyon lapolis nasyonal d Ayiti. Tout ayè dimanch la sitwayen nan katye Solino, Nazon, avni Pouplar, Sanfil, Dèlma 24, ri Sen Maten, Fò Nasyonal, riyèl Maya ak koridò Basya, zòn Sen Michèl kote yo boule epi piye kay anpil sitwayen nan zòn sa yo k ap viv nan gwo laperèz-
2.- Majorite paran akonpaye ak timoun yo deja kouri kite lakay yo akòz endividi ak zam sa yo ki soti nan katye Bèlè ak nan baz Izo k ap mache teworize popilasyon sivil la. Jiska prezan li difisil pou tabli yon bilan sou kantite moun ki ta mouri, blese oubyen kantite kay ki ta boule nan zòn sa yo.
3.- Depi anviwon 2 lane bandi okipe 3zyèm sikonskripsyon Pòtoprens la, presizeman katye Matisan ak Gran Ravin, sa ki lakoz plis pase 4 depatman andedan peyi a paralize- Bandi okipe tou divès lòt zon tankou, Kwadèboukè, kèk katye nan komin Taba, Torcel, Wout Frè, Pènye, Laboul, Fò Jak ak Fèmat, san bliye zòn Site Solèy, Bèlè, Ba Dèlma, Kanaran ak plizyè komin nan depatman Latibonit kote se bandi k ap fè la lwa.
4.- Zak kidnapin yo ap kontinye- nan zòn Fèmat bandi kidnape plizyè moun andedan lakay yo fen semèn pase a, nèg ak zam kidnape Caleb Augustin, yon jèn pwofesyonèl epi touye yon ti frè li nan zòn Fò Jak– Jean Brunel Chermeille, yon anplwaye achiv nasyonal ak direktè jeneral ministè jenès espò ak aksyon sivik yo, Mario Florvil toujou poko rantre lakay yo. Antretan nou aprann chèf pwotokòl palè nasyonal la, Yves Mazile ta jwenn liberasyon li, aprè anviwon 2 semèn, kanta enspektè jeneral Jean Sebastien Jean -Charles, ansyen sekretè deta sekirite piblik ak tout yon pitit fi li, yo toujou anba men ravisè yo. Jodi a fè 9 jou depi fanmi etidyan Ardain Ronald pa gen nouvèl li, etidyan 4èm ane medsin, li te abite nan zòn Bon Repo.
5.- Malgre zak bandi yo ap miltipliye, anpil san ap koule, bandi yo okipe yon bon pati nan teritwa, sa pa anpeche kominote entenasyonal la patikilyeman etazini ak kanada kontinye ap woule gouvènman ayisyen an nan farin. Sa fe deja 5 mwa chèf gouvènman Ariel Henry a te solisite bòkote sekretè jeneral òganizasyon Nasyon-Zini yo deplwaman rapid yon fòs militè espesyalize pou vin ede lapolis la konbat bandi ak zam yo.
6.- Ensekirité nan 3yèm vil Peyi a: Nèg ak zam yo pa rive idantifye touye ayè dimanch lan nan aprè midi “Marasa” ainsi connu ki se yon kanbis k ap fonksyone nan mitan Vil Okay. Alòske nan vandredi swa moun yo pa rive idantifye kidnape Jessica St Cyr, 21 lané sou plas dam Okay la. Yo réklamé 50 mil dola ameriken pou liberasyonl*. *Antretan paran Madorche Sydney yon jèn mizisyen nan Okay swete jwenn liberasyon jenn gason saa ki nan men ravisè yo depi 19 févriye pase a*.
7.- Jiska prezan poko gen twòp detay sou vrè sikonstans asasina jèn komedyen Ralph Théodore alyas Sexy L’artiste. Yo dekouvri kadav Sexy ap benyen nan san li, vandredi pase a, zòn Nazon, nan menm moman kote bandi katye Bèlè ap teworize popilasyon an.
8.- Yon rapò Nasyon-Zini lonje dwèt sou Etazini kòm peyi ki responsab kontrebann gwo zam rive an Ayiti. Daprè ONU, gen zam k ap vann 400 ou 500 dola nan magazen men ki al revann jiska 10 mil dola an Ayiti. Rezo kriminèl sa gen ladan li manm dyaspora ayisyen nan, k ap achte zam Etazini, epi fè yo rantre ilegalman an Ayiti. Pou fè zam sa yo rive an Ayiti, rezo a itilize transpò machin depi sendomeng, yo pase pa avyon, yo itilize pis aterisaj moun pa konnen, yo menm konn pase sou lanme.
9.- ULCC transmèt ofisyèlman 9 rapò ankèt bay Pakè plizyè diferan jiridiksyon peyi a nan objektif pou mete aksyon piblik an mouvman kont yon seri sitwayen pou enplikasyon yo nan detounman lajan leta, trafik enfliyans, manti sou deklarasyon patrimwàn yo, anrichisman ilisit ak blanchiman lajan. Rapò sa yo vize ansyen palmantè, otorite lokal, ansyen wo fonksyonè leta nan administrasyon piblik la tankou, ladwann, APN, Kès Asistans Sosyal, enstitisyon nan domèn edikasyon, elatriye.
10.- Inite Lit Kont Kòripsyon (ULCC) mande pou mete aksyon piblik an mouvman kont 7 ansyen senatè pou tèt yo pat deklare byen yo posede anvan ak aprè yo kite fonksyon senatè a. Ansyen palmantè sa yo se Nawoom Marcelus, Dieudonne Étienne Luma, Jacques Sauveur Jean, Jean-Marie Junior Salomon, Richard Lénine Hervé Fourcan, Wilfrid Gélin ak Willot Joseph. Mete sou sa, ULCC mande pou sitasyon nan koreksyonèl la gen ladann yon entèdiksyon total pou konsène yo egzèse dwa sivil ak politik an patikilye konsènan dwa pou yo vote ak pou yo eli nan eleksyon.
Productions : Jean-Claude DOLCÉ.
Coordination : Peterson LUXAMA.
Rédaction : Dieuseul GUERRIER.
Réalisation & mise en ligne : Mysuel THIMOTÉE.